Pou pi piti 3 moun mouri , ak 2 lòt blese vandredi aprè midi 2 avril 2021 an nan komin Ansdèno ki nan depatman Grandans, aksyon sa rive nan moman 2 bann rara ki sòti nan premye ak dezyèm seksyon komin lan pete batay aprè yon diskisyon, selon esplikasyon jounalis konfrè Witny Lafleur.
jounalis la, esplike 2 nan moun sa yo mouri anba bal, lòt la mouri ak kou manchèt epi 2 lòt moun blese ak kout manchèt tou .
Pilwen konfrè a fè konnen bann rara yo pagen abitid batay chak ane men, sa konn rive. Li swete pou lapolis toujou prezan nan aktivite rara yo konsa pou evite jan de batay sa yo ki pa fwa kite dèy kay fanmi yo nan depatman Grandans lan .
konfrè a ki fè konnen malgre batay sa ki lakoz 3 mouri ak 2 lòt moun blese yo aktivite rara pap kanpe, selon sa kèk responsab rara yo ba li kòm enfòmasyon .
Dieuva Occidor