AYITI/DRAM : TWA MOUN MOURI ASASINEN TIRIVYÈ LATIBONIT

TWA (3) moun mouri asasinen nan yon vèy Tirivyè Latibonit vandredi 8 oktòb 2021.

Ensekirite a pa sispann mete dlo nan je popilasyon ayisyèn nan. Nan depatman Latibonit, patiklyèman nan Tirivyè Latibonit gen 3 moun ki mouri asasinen nan yon vèy swit ak yon konfli ki te genyen ant gwoup moun ki te gen zam nan katye a.

Wisguerno, daprè radyo metwonòm, se youn nan twa viktim yo. Sitwayen sa ki t ap viv nan peyi etranje te rantre nan peyi Dayiti jou dram nan pase a.

Fenomèm ensekirite ak kidnapin, se kèk pami pi gwo pwoblèm peyi Dayiti ap fè fas dènye lane sa yo nan istwa li kòm pèp.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …