AYITI/DRAM: YON ENSPEKTÈ POLIS MOURI NAN KOMISARYA GONAYIV LA AK YON BAL NAN TÈT.

Nan apre midi dimanch 7 jwen 2020 an enspetè polis Merandieu Jean Baptiste mouri nan komisarya Gonayiv la kote li apèn transfere ak yon bal nan tèt li.

Selon enfòmasyon  yo se enspektè a ki ta tire tèt li anndan komisarya a. Yon polisye ki te nan lakou a fè sal redaksyon nou konnen yo te jis tande katouch la pati lè yo rantre yo jwenn enspektè a ki tap benyen nan san li, yo te tante pou wè si yo ta bal lavi nan mennen li lopital men li te gentan rann souf li. Pou kounye a kò enspektè a nan yon mòg nan vil Gonayiv.

Nap raple enspektè Merandieu Jean Baptiste te responsab komisarya Ench ki chita kò li nan depatman sant lan.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …