AYITI/DRAM:NAN MANIFESTASYON KONT PREZIDAN NAN KOMIN GONAYIV MOUN YO PA RIVE IDANTIFYE METE DIFE NAN 4 MACHIN NAN YON OTÈL

Nan lannwit madi 2 fevriye 2021 an moun yo pa rive idantifye nan Dekawo komin Gonayiv mete dife nan 4 machin ki te nan lakou Odivin Hôtel  daprè propretè otèl lan  aksyon sa pase pandan manifestasyon kont prezidan Jovenel Moïse nan komin nan.

Direktè depatman ministè travo piblik transpò ak kominikasyon an fè konnen gen moun ki te genyen gwo zam nan men yo ki atake biznis li an epi yo tap voye bagay ki ka bay dife nan direksyon otèl lan.

Enjenyè Blondo Odivin mande lajistis pou fè limyè sou aksyon ki fè 4 machin boule nan lakou antrepris lan ki pote non li an.

Angeline Michel

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …