Aprè prezidan repiblik la Jovenel Moïse te fin pwomèt Premye minis peyi BAYAMAS la tout sipò li ebyen Jounen vandredi 5 septanm 2019 la Yon premye avyon chaje kit dijyèn, Medikaman ak pwovizyon ,kite pòtoprens pou li ale BAYAMAS aprè ouragan Dorian te fin ravaje peyi sa semèn ki sot pase yo.
Konpayi Haitian Emergency Response Opérations (Héro) ki pran inisyativ sa konte pote sekou bay plizyè viktim ouragan an
Epi fè konnen gen 30 Moun ki mouri plis pase 76 000 Moun bezwen bon Jan èd alimentè.
Pou nou fini nap fè konnen peyi BAYAMAS chaje ayisyen kap chache lavi yo ladan li.
Otè: Malvoisin Louisias Diego