Nan yon chita pale, otorite yo nan ministè edikasyon ak fòmasyon pwofesyonèl yo chanje dat egzamen ofisyèl yo nan peyi a.
Otorite yo pran desizyon sila akoz latwoublay ki gen nan peyi a depi kèk jou sa ki koz elév yo pa ka ale lekòl, pou pèmèt elèv yo ratrape jou ke yo pèdi yo ministè a avanse dat egzamen yo.
Nan yon nòt ki soti ayè madi 19 fevriye 2019 la li anonse ke egzamen twazyèm kontwòl yo ap fèt 18 mas pou rive 22 mas 2019.
Egzamen katryèm kontwò yo 17 pou rive 28 mas 2019.
Egzamen ofisyèl yo ap kòmase 24 jwen o 26 jwen 2019 pou elèv nevyèm ane yo (9vyèm)
8 jiyè pou rive 12 jiyè 2019 pou elèv kap gen pou fini ak segondè yo.
MENFP mande tout direktè depatmanto yo, enspektè yo ak direktè lekòl yo pou pran tout dispozisyon pou aplike tout mezi sila yo.
Hubert.emmanuel@ymail.com