AYITI EDIKASYON: PLIS PASE 2726 ELÈV FILO PRAL OBLIJE REFÈ NEVYÈM ANE.

Nan yon kominike minis edikasyon nasyonal la bay, li fè konnen gen anpil elèv kap fè filo jounen jodi a ki pat janm reyisi nan egzamen nèvyèm ane. Li bay yon chif ki se 2726 elèv ki sipoze al rekonpoze nan nevyèm ane si yo vle jwenn fich pou valide nan egzamen filo yo.

Pa bò isit lakay nou elèv yo souvan pran daso pou yo ka al fè klas siperyè, dèfwa yo pa pase yo fè fo kanè epi  pafwa se sote yo sote klas la, yon bagay ki pa bon ditou lè elèv la fèl, se sa jodia ki koz elèv ki te konn fè fwod yo pral peye konsekans la.

Chak fen ane lekòl se toujou egzamen klas tèminal yo ki fèt swa nan mwa jen oubyen mwa jiyè,te toujou gen elèv ki pat konn jwenn fich men fwa sa ta sanble minis edikasyon nasyonal la ap pran anpil mezi pou rezoud pwoblèm sa.

Ta sanble 2726 kandida pou egzanen bakaloreya sa yo chita fè ane lekòl la pou gran mèsi paske yo pap ka al konopoze epoutan yo fè tout yon ane a ap prepare egzamen yo.

Florestal Wilky

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …