Anviwon 200 Direktè Lekol prive nan Latibonit menase leve kanpe nan jou kap vini yo kont ministè edikasyon nasyonal ki pa ta ba yo okenn alokasyon depi twa (3) lane, nan kad Pwogram eskolarizasyon inivèsèl gratis ak obligatwa a (PSUGO).
Yon lòt bò, Direktè depatmantal edikasyon an nan Latibonit, Pwofesè Ecol Renoit, mande tout direktè ak anseyan ki nan Pwogram nasyonalizasyon lekòl kominotè yo (PRONEC) gade kalm yo.
Li fè konnen ministè edikasyon nasyonal ap fè tout sa ki posib pou peye aryere salè yo, nan yon tan ki pa long.
rolguydocteur@gmail.com