AYITI/ EDIKASYON: PLIZYÈ SENDIKALIS GEN GWO DOUT SOU REYISIT ANE LEKÒL LA

Plizyè sendikalis nan edikasyon montre gwo enkyetid yo genyen pou ane akademik 2021-2022 a, ta reyisi nan peyi a parapò ak diferan fòm kriz la ap pran nan peyi a.

Kòdonatè depatmantal Latibonit, inyon nòmalyen ak edikatè Ayiti yo (UNOEH), Ledique Kesnel, montre gwo dout li gen pou ane lekòl la reyisi akoz plizyè dimansyon kriz la pran nan peyi a, mete sou sa pwoblèm gaz la ki lakoz paran yo paka voye timoun yo lekòl.

Sou bò pa li, kòdonatris Konfederasyon nasyonal edikatè ayisyen ( CNEH), Magalie Georges, gen menm dout la pou ta gen yon bon ane lekòl nan peyi a. Sendikalis la, ki fè konnen se depi lane 2018 lekòl la ap mache bwate nan peyi a, pandan li denonse mouvman voum se do otorite nan peyi a.

N ap fè remake, ane lekòl la ki te louvri nan dat 21 septanm 2021 an, pou depatman ki pat frape nan tranbleman tè 14 dawout la ak 4 oktòb pou deptaman kite frape nan katastwòf la, 2 semèn aprè tonbe nan yon grèv.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …