AYITI/EDIKASYON: SE YON TOTAL 189,568 KANDIDA KI PRAL NAN EGZAMEN NEVYÈM YO ANE SA.

Ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl ( MENFP), fè konnen ane sa se yon total 189,568 kandida ki pral konpoze egzamen Leta klas nevyèm yo lendi dis nèf (19) jiyè 2021 an, sou teritwa nasyonal la.

Nan kad yon konferans pou laprès vandredi sèz (16) jiyè 2021 an, direktè jeneral ministè a Meniol Jeune, fè konnen tout bagay deja mete sou plas moun yo gentan mobilize, tout materyèl sou plas pou pèmèt egzamen yo byen dewoule lendi dis nèf (19) jiyè 2021 an.

Boutofen, direktè jeneral MENFP lan, Meniol Jeune, raple ak tout kandida yo dwe pote mas pou yo kapab gen aksè ak sal egzamen yo.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …