AYITI /EKONOMI : GOUD LA KONTINYE AP PÈDI VALÈ DOUVAN DOLA AMERIKEN AN.

Selon enfòmasyon bank repiblik Dayiti ( BRH) pibliye nan jounen mèkredi 22 septanm 2021 an, pou yon dola ameriken wap bezwen 97,39 goud sou mache fòmèl la tandike sou mache enfòmèl la wap bezwen 110 jiska 120 goud pou achte yon dola ameriken.

Akoz move kalòt goud la apran nan dola ameriken an koze anpil plenyen nan mitan timachann ki pral achte sou fontye malpas yo kote se avèk anpil redi pou yo jwenn yon 50 dola nan kanbiz yo.

Nap raple bank santral fikse konbyen dola ye parapò ak goud, se anfonksyon de tranzaksyon oubyen operasyon yo fè nan sa yo chanje nan jou ki te pase a epi yo fiksel nan jou ki vini aprè a.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …