AYITI/EKONOMI: JOVENEL MOISE KÒMANSE DECHOUKE SISTÈM NAN.

Apre prezidan repiblik la Jovenel Moise fin koupe yon seri gwo kontra ki selon li pa respekte nòm yo, prezidan an bay lòd pou anile franchiz tout moun nan dwàn yo.

Yon enfòmasyon sekretè jeneral konsèy minis yo Renald Luberice pat pran tan pou pibliye nan yon twit

pou anonse ak popilasyon ke nan rezolisyon #2 ki sot pran nan konsèy minis yo pou 23 oktòb 2019 la minis ekonomi ak finans lan Ronald Decembre gen lòd pou koupe franchiz tout nan ladwàn.

Prezidan repiblik la Jovenel MOÏSE kontinye montre li pa pale sèlman, men li antre an aksyon lè li di l’ap dechouke sistèm peze souse a ki gen plizyè syèk e ki pa bay malere chans pou reyalize anyen.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …