AYITI/EKONOMI: LOTRI LETA AYISYEN AN AP SIBI GWO MENAS ANBA MEN YON GWOUP NÈG AK ZAM.

Direktris lotri leta ayisyen (LEH) Margarette Fortuné  bay yon konferans pou la près  jounen lendi 21 septanm 2020 an nan objektif pou denonse envazyon ke lotri a te sibi vandredi 18 septanm 2020 an.

Selon direktris la chak ane fiskal la pral kòmanse genyon gwoup nèg ak zam ki bay tèt yo non « pote boure » ki toujou debake nan lotri pou vin mande li ti rès anba gwo presyon, Li fè konnen moun sa yo menase boule lokal lotri a e moun sa yo ta fè konnen yo se patizan pouvwa a.

Direktris la mande otorite konsène yo pou pran tout mezi posib pou garanti sekirite li ak tout moun kap travay nan enstitisyon an san konte lokal la ki sou gwo menas.

Margarette Fortuné ki parèt trè enkyè pa sispann poze tèt li kesyon de ki ti rès mesye sa yo ki parèt trè vyolan ap mande a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …