Anpil manman ak papa pitit kap viv nan aken(sid peyi dayiti) gen gwo difikilte pou achte jwèt ak rad pou fè kè timoun yo kontan nan peryòd fèt nwèl la.
Nan yon mikwotwotwa Echojounal reyalize maten lendi 24 desanm nan nan plizyè katye nan dezyèm vil depatman sid la , anpil paran yo fè konnen yo pa gen mwayen pou reponn ak bezwen timoun yo kontrèman ak jan yo te konn fè sa nan ane ki pase yo. Daprè sa yo di se pwoblèm lajan yo genyen kifè yo pa kapab fè bèl jès ak pitit yo pou moman fèt la. Pa gen travay ak lavi a ki vin pichè se prensipal koz ki anpeche yo al nan mache ak magazen daprè sa yo di.
Yo fè konnen si yo ta gen yon ti kòb ki vin nan men yo nan moman an se manje yo tap oblije achte pou timoun yo avèl paske yo nan grangou.
Yon lòt bò kèk ti machann ak responsab magazen, boutik ke jounal la te kontakte fè konnen ke lavant lan diminye anpil ane a pa rapò ak jan sa te ye ane pase.<< Aaaa, nou la depim maten pèsòn pa mande n sa n’ pot pou vann malgre nou likide machandiz yo>> Sesa kèk ti machann di.
Se yon tradisyon nan peyi dayiti chak lè ane pral fini, chak fèt nwèl, tout paran toujou achte jwèt, bèl ti rad pou pitit yo yon fason pou yo ka fini ane a byen. Men depi kèk tan abitid sa yo fin disparèt akoz peyi kap vin pi pòv chak jou piplis.
Gédéon DELVA, Aken