AYITI EKONOMI: PLIZYÈ BIZNIS NAN VIL OKAY ANONSE YAP FÈMEN PÒT YO.

Bizisman ak komèsan nan vil okay anonse yap fèmen pòt biznis yo apati madi 5 fevriye a. Yo pran desizyon sa nan lide pou di NON yo pa dakò ak dola ameriken kap vale tèren chak jou piplis nan peyi a.

Daprè komèsan sa yo , goud la kap pèdi valè devan dola ameriken an lakoz lavi a vin pichè, mwens kliyan frekante magazen yo.

Yo pwofite mande ak otorite yo nan peyi a pou pran bonjan mezi pou frennen sitiyasyon sila yon fason pou ekonomi peyi a vin estab.

Gédéon DELVA

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …