AYITI/EKONOMI: SEKTÈ AGRIKȮL PEYI DAYITI A JWENN YON GWO KOUT MEN NAN MEN BANK MONDYAI.

Bank Mondyal anonse yo debloke 9,5 milyon dola vèt pou sektè agrikòl la nan peyi Dayiti, pou kapab lite ak kriz pandemi  kowonaviris la ki vini mete akse sou klou a.

Direktris operasyon bank mondyal la nan peyi Dayiti Anabela Abreu ki tap bay detay sou lajan sa ki debloke a fè konnen yo pran desizyon sa akoz jan yo wè kriz la pral di pou pèp ayisyen an ki deja an difikilte pou jwenn manje e bagay la vin pi dejenere ak pandemi an ki koz tout fwontyè yo fèmen.  Selon direktris la lajan sa pral sèvi pou ede nou lite ak kriz grangou a kote plis pase 21,500 peyizan pral jwenn èd pou plante e vann rekòt yo ak yon pri ke tout moun ap ka achte. Direktris la gen je li fikse sou depatman Nip ak gran Sid peyi a pou sipò sila.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …