AYITI/ELEKSYON: CHÈF KILT VODOU A NAN PEYI DAYITI MANDE POPILASYON AN POU YO LEVE KANPE

Chèf kilt vodou ayisyen an Ougan Cedral Noelus mande popilasyon an leve kanpe kont KEP ke prezidan repiblik la Jovenel Moïse mete kanpe a.

Selon chèf kilt vodou a ki tap reyaji nan emisyon pawol la pale sou radio Echojounal maten madi 22 septanm 2020 an KEP a se yon KEP ti zanmi, li fè konnen li pa rekonèt madam Marie Rosemène Joseph Pierre kòm reprezantan kilt vodou a nan KEP a, ougan an mande popilasyon an leve kanpe pou yo pa pran nan seleksyon gouvènman an ap prepare pou fè a pou lage peyi nan plis deblozay.

Ougan an deklare kilt vodou ayisyen an pa gen plizyè moun nan tèt li se yon sèl moun ki nan tèt li e ki te ale prete sèman Jan arete 4 avril 2003 a di sa nan atik 5 lan.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …