AYITI/ELEKSYON: FEDERASYON PWOTESTANT BOUDE ENVITASYON PREMYE MINIS ARIEL HENRY POU PATISIPE NAN KONSÈY ELEKTORAL PWOVIZWA A (KEP).

Nan yon lèt tou louvri Federasyon Pwotestant Ayiti (FPH) voye bay Premye minis Ariel Henry lendi 18 oktòb 2021 an, selon Federasyon an, douvan sitiyasyon malouk pèp Ayisyen an ap travèse anba tout kalite pwoblèm, nou menm kretyen pwotestan yo, nou pap patisipe nan fòmasyon konsèy elektoral pwovizwa a.

Yon peyi kote ensekirite, gang tout koulè, fatra ki fè la lwa kote menm legliz pa epanye anba men kidnapè. Pouki pèp PM Ariel pral fè eleksyon sa? deklarasyon Federasyon an.

Pilwen, Federasyon an di li konstate menm premye minis lan ki gen gwo kòtèj blennde pil polisye avèl li pa ka mete prent pyel nan moniman papa nasyon an Jean Jacques Dessalines nan zòn aviyasyon (pon wouj) kote bandi ak gwo zam fè tout gwo otorite kouri. Poutan se menm premye minis sa kap mande pou pèp la ale nan eleksyon.

 

Ronald Exavie

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …