AYITI /ELEKSYON : KONSÈY ELEKTORAL PWOVIZWA REMANYE DAT ELEKSYON YO AK REFERANDÒM KONSTITISYONÈL LA.

Konsèy elektoral pwovizwa a voye kalandriye remaniman eletoral la bay Premye minis Ariel Henry jodi mèkredi 11 dawou 2021 an. Kote li chanje dat eleksyon yo ak referandòm lan.

Pilwen, konsèy la mande premye minis lan pou li konvoke pèp la ale vote nan premye tou eleksyon an pou prezidan,senatè ak depite nan dat 7 novanm 2021 epi kontinye dezyèm tou prezidansyèl, lejislatif ak kolektivite yo ap fèt 22 janvye 2022.

Anrevanch, plizyè pati politik ki Di yo nan opozisyon di yo pa nan eleksyon nan ane sa epi yo pa nan eleksyon ak konsèy elektoral pwovizwa sa paske yo pa lejitim.

Ronald Exavier

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …