AYITI/ELEKSYON: YON NOUVO KONSЀY ELEKTORAL PA LWEN POU ENSTALE POU ÒGANIZE ELEKSYON YO.

Premye minis ayisyen an Joseph Jouthe anonse jounen mèkredi 16 septanm 2020 an yon nouvo konsèy elektoral pral enstale pa twò lontan pou òganize eleksyon yo anndan  peyi a.

Premye minis lan fè anons sa pandan li tap patisipe nan emisyon “Invité du jour” sou radio vision 2000 maten mèkredi an, li fè konnen sektè yo chwazi manm yo deja e pa twò lontan yap gen pou enstale tout manm yo, ki pral gen misyon òganize eleksyon.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …