AYITI/ENFRASTIKTI: DIREKTÈ BIWO SÈVIS MARITIM AK NAVIGASYON AN PREZANTE BAY LAPRÈS YON PWOJÈ KANMPOUS ENSTITI NASYONAL SOU FÒMASYON METYE LANMÈ A NAN NOUVO LOKAL LI A.

Biwo SMANAH pa ògan direktè jeneral li mesye Eric JR PRÉVOT prezante bay laprès jounen Jedi 11 fevriye 2021 an yon pwojè ki jwenn sipò bank karibeyen de devlopman.
« Enstiti nasyonal ak fòmasyon metye lanmè » se non pwojè a, ki deja koute plis pase 15 milyon goud sèlman nan etid li.

Twa (3) kawo tè, se kantite teren ki deja dispoze nan komin kabarè pou resewa sant de fòmasyon an.
Jeni naval, ak jeni mekanik naval se de non pami kèk metye yap gen pou ofri jèn yo.

Sou douz fim ki te sou pwojè a, se gwoup « TRAME S.A » de madam Elizabeth COICOU ki gen responsabilite reyalize KANMPOUS enstiti nasyonal de fòmasyon metye lanmè a. Madam Elizabeth a travè fim li an ap gen poul fè etid achitekti ak enfrastrikti batiman an.

Wendy Dorcius

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …