AYITI / ENSANDI / YON DIFE EKLATE YÈSWA TOU PRÈ PENITANSYE NASYONAL

vè 11 zè nan aswè yon dife pran nan ri la reyinyon patikilyèman tou prè penitansye nasyonal kote anpil dega rive anrejistre tankou machin ki boule, divès komès machann yo konn enstale sou totwa ki tou prè (prizon an) tankou chèz plastik, kanape , tele, kabann, matla, pou site sa yo sèlman pami yo anpil rive boule anba gwo dife sa ki eklate nan lanwit lan

Selon kèk riveren malgre tout tantativ moun ki nan zòn lan rive fè anyen pat anpeche dife a pwopaje e sou dilijans yo, yon tan sapè ponpye ta pral rive men malgre efò yo pat rive tenyen dife a paske dlo ki nan kamyon an ta pral kite yo nan wout

Lapolis bò kote pal ta pral parèt sou plas nan kad ensandi sa pou pwoteje ak anpeche moun ki gen movèz fwa yo pote ale komès ak byen lòt moun kite retwouve yo nan milye a

Tél: +50948130891

Sonlymoinius03@gmail.com

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …