AYITI / ENSEKIRITE: « 17 MOUN MOURI, 86 LÒT BLESE NAN 39 AKSIDAN  » DAPRÈ ÒGANIZASYON  » STOP ACCIDENT » .

Òganizasyon  » Stop Accident » fè konnen yo anrejistre sòti semèn 19 pou rive ayè dimanch 25 Avril la, 39 aksidan pami yo 17 moun mouri ak 86 lòt sòti blese daprè yon bilten yo mete deyò maten Lendi 26 Avril la .

Konsiltan òganizasyon  » Stop Accident » doktè Ganel Michel, ki fè konnen 17 moun yo te mouri sou plas pami moun sa yo gen yon jèn agwonòm, e pami blese yo plizyè madan sara. Pilwen doktè Ganel Michel, presize aksidan sa yo fèt nan zòn  » Montagne noire », « Canaan 70 nan depatman lwès, komin Delma, Petyon Vil, komin Tòbèk nan depatman Sid, Komin okap depatman Nò, lokalite Bondo nan komin tirivyè nip epi Basen Ble nan komin Gwomòn .

Dieuva Occidor .

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …