AYITI/ENSEKIRITE: ANTRE SID PÒTOPRENS LAN LEVE ANBA GWO TANSYON.

Gen gwo kout zam ki ap chante nan matisan maten vandredi 12 mas 2021 an ant lapolis ak moun ki gen zam ilegal nan men yo. Nèg vilaj de Dye ak nèg gran ravin se yo, daprè yon sous nou fè konfyans, k ap twoke kòn yo ak lapolis ki, li menm, ap mennen yon operasyon kont moun sa yo.

Sikilasyon an paralize konplètman. Tout moun ki konn abitye pase matisan swa pou ale lekòl, travay ak lòt aktivite oblije kase tèt tounen.

Sityasyon sa a l ap devlope depi kèk jou nan rantre sid kapital la sitou nivo matisan ak bisantnè.

Pou kounya, redaksyon echo Jounal poko ka bay bilan operasyon sa a lapolis ap mennen. N ap suiv evolisyon sityasyon an.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …