AYITI / ENSEKIRITE : BANDI AK ZAM ANVAYI PÒS POLIS NAN KOMIN SITE SOLÈY YON ENSPEKTÈ MOURI.

Bandi ak zam nan men yo atake nan aswè samdi senk (5) jen 2021 an, pòs polis Drouillard ak pòs polis estasyon Gonayiv ki nan komin site Solèy, epi dezame polisye ki te nan komisarya sa yo.

Pandan atak la bandi yo volè tout materyèl nan komisarya epi touye enspektè divizyonè Adolphe Miradel, ki responsab komisarya kafou « Drouilllard ».

Nou ap siyale, aksyon bandi yo pa sispann bay popilasyon an pwoblèm depi kèk jou nan zòn Matisan deja fè plizyè viktim nan batay ki eklate ant gang Tibwa ak gang nan Granravin pou kontwole teritwa.

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …