AYITI/ENSEKIRITE : CHЀF BANDI VILAJ DE DYE A TONBE ANBA BAL APRE LI TE FIN SOVE NAN PRIZON SIVIL KWADЀBOUKЀ A.

Arnel Joseph ki te sove nan mitan jounen jedi 25 fevriye 2021 an nan prizon sivil Kwadèboukè a apre yon gwo deblozay ki te eklate anndan prizon an mouri nan komin Lestè nan mitan jounen vandredi 26 fevriye 2021 an nan afwontman ak lapolis selon sa sa pòt pawòl lapolis la fè konnen.

Chèf tou pwisan vilaj de Dye a te sou yon moto kote li ta pral kwaze ak yon tchèk lapolis ke li ta pral tire avèk yo selon enfòmasyon nou rive jwenn e la li ta pral tonbe anba katouch, li te gen avèk li de lòt sòlda ki yo menm ta rive chape poul yo.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …