AYITI ENSEKIRITE: CHÈF BANDI SAVANN PISTACH LA TIJE BWÈ DLO BOUCH LI.

Chèf bandi Savann pistach la ke tout moun konnen sou non Tije tonbe anba bal nan lannwit lendi 29 avril 2019 la nan tire ak lapolis nan blòk Dèlma 83.

Kèk minit apre nouvèl sila popilasyon Kafou fèy la pran lari pou manifeste kontantman yo apre nouvèl lanmò zagoloray la ke moun Kafou fèy yo akize nan masak ki te fèt nan enpas Eddy nan zòn Kafoufèy mèkredi 24 avril 2019 pase a.

Selon enfo yo Tije jwenn lanmò li pandan li tal kache kay yon frèl nan Delmas 83 akoz operasyon lapolis tanmen nan blòk Kafou fèy apre masak la. Lapolis ki te gen flash la fè entèvansyon nan echanj katouch Tije tonbe.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …