AYITI/ENSEKIRITE: CHOFÈ CHÈF GANG VITELHOMME NAN TONBE NAN ECHANJ KATOUCH AK LAPOLIS

Lapolis Nasyonal Dayiti fè yon kou. Chofè chèf gang Vitelhomme, Joseph Jefferson alyas Djeff, tonbe nan echanj katouch avèk fòs lòd yo nan yon operasyon ki mennen jounen mèkredi 26 janvye 2022.

« Joseph Jefferson alyas Djeff, chofè Vitelom, youn nan prensipal alye gwoup gang 400 mawozo blese mòtèlman nan yon operasyon jounen mèkredi 26 janvye 2022 a »,ekri sou paj fesbouk ofisyèl Polis Nasyonal Dayiti.

Enstitisyon Lapolis Nasyonal Dayiti presize se DCPJ, notamman BRI ki t ap fè operasyon sa nan Taba. « Pandan operasyon an yon machin pikòp ISUZU koulè blanch 4 pòt, yon motosiklèt HAOJIM, yon zam Glòk seri ilizib ak 2 telefòn konfiske ».

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Haïti : Un atelier clé pour renforcer la Formation Technique et Professionnelle

Le 11 juin 2025, à l’hôtel Kinam, s’est déroulée la 8ᵉ revue thématique de la …