AYITI-ENSEKIRITE: ENDIVIDI AK ZAM TOUYE AK PLIZYÈ BAL YON DAM TOU PRÈ AKADEMI POLIS LA SOU WOUT FRÈ.-

Li te nan lè 3 zè aprè midi Madi 2 mas 2021 an, touprè akademi polis la sou wout frè a endividi ak zam touye yon dam pandan l’ap sòti nan yon biwo transfè.

Selon kèk te mwen deklare  » dam lan ki t ap sòti fè yon tranzaksyon, malfra yo ki t ap swiv li aprè li sòti nan biwo a vide bal sou li  » esplikasyon yon te mwen nan mikwo repòtè Echo jounal.

N ap siyale, malgre krim lan fèt tou prè lekòl polis la, sa te pran anviwon 30 minit pou l te rive nan lye kote krim te fèt la.

Wendy Dorcius

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …