Nan yon mesaj alèt sekirite li voye bay resòtisan ameriken ki nan peyi a, anbasad peyi ameriken mande yo pou yo limite deplasman yo plis posib. Mesaj sila a vini tousuit aprè deblozay ki te pete ant polisye » Fantom 509″ yo ak lòt polisye sou dèlma a.
« Òganizasyon kriminèl ki rele Fantom 509 la li aktiv nan Dèlma, Petyonvil ak Pòtoprens. Yo repite pou yon pakèt aksyon vyolan ak kapasite yo genyen pou yo repliye rapidman. Li enpòtan pou nou pa pase nan katye sa yo san bezwen », daprè anbasad la.
Nan kad afwontman ki te genyen ant polisye » Fantom 509″ yo ak lòt polisye yo jounen lendi 22 mas la, gen yon yon polisye ki pèdi lavi l ak youn ki blese nan pye ak yon bal.
Jackson junior Rinvil