AYITI/ENSEKIRITE: LAPOLIS BAY DETAY SOU KAGEZON ZAM SENMAK LA KE TI MEPRI MANDE POU YO REMЀT LI RAPID VIT LA

Pòt pawòl lapolis la Michel-Ange Louis Jeune bay detay sou kantite zam ak minisyon ke yo sezi mèkredi 2 septanm 2020 an nan dwan Senmak la nan yon konntenè ki te vini nan bato Accordia Shipping.

Selon pòt pawòl polis la kagezon sa te gen ladann senk (5) fizi daso, sis (6) chajè ak kat mil (4,000) katouch.  Apre operasyon sa chèf bandi  Jan Deni an ke tout moun konnen sou non Ti Mepri deklare ke zam yo se pou li el mande pou lapolis remèt li yo, li ale pilwen pou li di si yo pa remèt li zam yo lap fizye tout polisye li jwenn sou wou li.

Selon sa bandi an fè konnen se kay li li vann pou li achte zam pou li ka defann li ak gwoup Savyen an ke li konsidere kòm edmi li.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …