AYITI/ ENSEKIRITE :  » MOUN MATISAN KI TAL REFIJE NAN SANT ESPÒTIF KAFOU A AP VIV NAN MOVE KONDISYON », DAPRÈ IMED.

Enstiti mobil edikatif demokratik (IMED), vizite vandredi dizuit (18) jen 2021 an, fanmi ki te refije yo nan sant espòtif kafou a.

Direktris egzekitiv (IMED) la, Ketly Julien, fè konnen moun sa yo nan move kondisyon nan sant espòtif la paske yo ap rankontre divès pwoblèm tankou moun yo pa manje alè, kondisyon sanitè yo pa bon paske yo pa jwenn dlo pou benyen, defansè dwa moun lan ki di gen kèk nan moun sa yo kap sibi zak vyòl nan sant espòtif kafou a.

Fòk nou di, gen pou pi piti twa san ( 300) fanmi ki te kouri kite lakay yo nan Matisan anba bal bandi pou te al refije nan sant espòtif Kafou a. Majistra komin Kafou a, Jude Edouard Pierre, ki rele anmwe sekou bò kote otorite yo ki lagel pou kòl ak tout moun sa yo nan sant espòtif la.

 

 

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …