AYITI/ENSEKIRITE: NEG AK ZAM KANPE NAN MITAN LARI LABOUL AP FOUYE MACHIN.

_Nèg ak zam kanpe nan mitan lari nan Laboul pou ap kanpe epi fouye machin granm maten jounen dimanch 20 jen 2021 an_ .

Ensekirite a prèske fin pran tout zòn nan kapital la. Dimanch maten, nan laboul, daprè yon videyo jounalis Luckson Saint-Vil mete sou paj li, yon gwoup nèg ak zam kanpe nan mitan lari nan Laboul pou kanpe epi fouye machin ki ap pase.

Nan kafou kote nèg ak zam yo kanpe a pa gen okenn prezans Lapolis. Yo ap opere ak tout trankilite lespri kòmsi pa te gen otorite legal nan peyi a.

Sityasyon sa ki pase Laboul la pa twò diferan de kèk lòt kote nan peyi a. N ap raple, rantre sid kapital la, nan nivo matisan, jiskounya moun ki te kouri kite kay yo poko ka kounen nan katye yo.

Echo Jounal

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …