AYITI ENSEKIRITE: NÈG AK ZAM RANTRE NAN LOPITAL JENERAL E PRAN YON MALAD YAL TIREL NAN LARI A.

Nan lannwit 15 pou rive 16 janvye 2019 la nèg ak zam ke moun pa rive idantifye antre anndan lopital jeneral pòtoprens yo pran yon moun ki tap pran swen nan ijans lan soti avèl e al touyel deyò a.

Selon enfo ki rive jwenn nou de yon temwen moun sa ki tap pran swen an ke yo pran al tire a te deja blese ak bal men pa gen moun ki konn nan ki kondisyon li ta pran bal sa yo.

Mesye ki te ale pran li yo ta fè tèt yo pase pou lapolis nan yon premye enfo ki tap sikile, yon enfo ke yon anplwaye lopital la ki pat vle non li site ta pral demanti, selon anplwaye sa se yon gwoup mesye ki ta fè konnen ke endividi a se moun yo, yo mande li paske selon yo menm li pat jwenn ase swen.

Yo prann yo ale avèk li epi maten an yo wè moun nan mouri deyò pa twò lwen lopital la toujou selon menm moun sa apre kèk minit mesye yo te fin ale yo te tande tire.

Hubert.emmanuel@ymail.com

Kredi foto:HPN

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …