AYITI/ENSEKIRITE: PLIZYÈ MOUN JWENN ARESTASYON YO NAN MEN LAPOLIS

Nan yon operasyon Polis nasyonal la mennen jounen dimanch 15 Desanm 2019 la nan Pòtoprens plizyè moun anba kòd.

Yon operasyon ki mete 38 moun ki sòti nan zòn metwopolitèn nan anba kòd tankou wharf Jérémie, La Saline ak lòt ankò, anpil nan moun sa yo ap reponn kesyon direksyon santral polis jidisyè a (DCPJ).

Direktè jeneral polis nasyonal peyi Dayiti a Rameau NORMIL kite nan tèt operasyon sa kote yo sezi plizyè zam ak katouch epi grenad fè konnen vle pa vle lapè ap tounen nan mitan popilasyon an kote yap kontinye travay san kanpe pou mennen lòt operasyon.

Otè: Jemsley JOSEPH

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …