AYITI/ ENSEKIRITE: POPILASYON AN NAN KOMIN MIRAGWÀN LEVE JWENN YON PREZIME VOLÈ MOTO MOURI TÈT NWÈ.

Popilasyon nan lokalite Savann Lwès ki nan premye seksyon kominal Miragwàn, leve jwenn maten dimanch senk (5) Septanb 2021 an yon prezime vòlè moto ap benyen nan sanl.

Selon konsta jij Methony Sauveur, ki nan tribinal lapè komin Miragwàn lan, deklare li jwenn yon zam kalib « 38 », li pa jwenn okenn pyès sou prezime volè moto sa a ki pou ta idantifyel men, daprè enfòmasyon manm nan popilasyon se paske prezime vòlè a pa fin konn wout la epil tal fè aksidan aprèl fin fè zak la.

Sou bò pa li, mèt moto a fè konnen prezime vòlè a te rankontre ak li sou wout nasyonal nimewo (#2) a nan zòn « Morne Preval », epi rale zam sou li, fòsel desann moto a pou li te kapab vòlèl.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …