_Lagè ant plizyè gwoup gang nan Matisan kontinye ap mete dlo nan je popilasyon ayisyèn nan. Kat (4) moun pou piti pèdi lavi yo ak plizyè lòt blese mèkredi apremidi pandan nèg ak zam ki kontwole twazyèm sikonskripsyon an tap toke kòn yo. Viktim yo te nan yon bis transpò an komen ak machin prive ki tap pase sou wout nasyonal nimewo 2 a._
Moun ki ap frekante wout Matisan ak Fontamara toujou poko ka pase ak tèt repoze. Nèg ak zam ki tabli katye jeneral yo nan katye sa yo kontinye ap simen dèy nan mitan popilasyon an.
Lagè ant plizyè gwoup gang nan twazyèm sikonskripsyon an lakoz pou piti 4 moun mouri ak plizyè lòt blese pandan yo t ap pase swa nan machin transpò an komen swa nan machin prive.
Se swa Bizoton osnon Fontamara chofè machin yo pote kadav moun ki viktim yo, daprè kèk sitwayen. Gen nan moun ki blese yo ki nan lopital.
N ap raple, pandan moun pa ka pase sou wout nasyonal nimewo 2 a ki relye plizyè depatman, kote chak jou nèg ak zam ap touye moun Lapolis Nasyonal Dayiti bò kote pa yo, ki gen Frantz Elbé kòm direktè jeneral plis fokis nan ede moun « retounen nan plaj » nan zòn nò peyi a.