Chèf gouvènman defakto a, Ariel Henry, nan yon twit fè konnen li bay garanti Lapolis Nasyonal Dayiti ap repran kontwòl wout Matisan an ki mennen nan Gran Sid la.
« Nou kòmanse idantifye moun ki ap alimante ak finanse gang yo. Sityasyon peyi a dwe chanje. Chak sitwayen dwe kapab sikile lib nan peyi l », estime responsab primati a.
Nan sans sa, doktè Ariel Henry, bay garanti twonson wout Matisan ki mennen nan Gran Sid la ap degaje e Lapolis ap repran kontwòl wout la.
Nèg ak zam nan nivo Matisan pa janm sispann fè san koule depi plis pase 6 mwa alòske, tout sa yo ap fè yo se toujou anba bab otorite nan Leta yo.