Rantre sid kapital la nan nivo fontamara 43 ak matisan leve bloke byen bonè maten mèkredi 5 Me 2021 an.
6è 10 minit, sikilasyon an te konplètman paralize nan rantre sid kapital la, aprè plizyè bis ki te kwaze nan nivo Fontamara 43 ak de (2) twa (3) kawotchou ki tap boule Matisan.
Sa ki te lakoz moun ki pral nan aktivite yo pran wout la a pye genyen tou ki kase tèt tounen lakay yo.
Redaksyon echo Jounal poko jwenn enfòmasyon sou kisa ki ta lakoz mouvman bloke wout sila a, men otorite polisye yo, malgre gen kèk cha blennde sou wout la, poko fè okenn demach pou debloke sityasyon an.
Jackson junior Rinvil