AYITI / ENSEKIRITE : RNDDH PREZANTE BILAN ANKÈT YO SOU DEGA GWOUP GANG YO FÈ NAN REJYON METWOPOLITÈN LAN.

Òganizasyon rezo nasyonal kap defann dwa moun yo (RNDDH), nan yon rapò yo mete deyò fè konnen gen uit (8) polisye ki mouri ak nèf (9) pòs polisye atake pandan de (2) jou nan rejyon metwopolitèn la nan lannwit senk (5) jen 2021 an.

Direktè egzekitif RNDDH la, Pierre Esperance, ki fè konnen atak sa yo kite demare nan lannwit senk (5) jen 2021 an, nan komisarya Pòtay Sen Jozèf la, kote bandi yo touye twa (3) polisye epi boule kadav yo daprè enfòmasyon yo.

N ap siyale, akoz batay gwoup gang yo nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan, lakoz plizyè abitan kite katye lakay yo al refije yo nan lòt zòn pou sove anba bal bandi.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …