AYITI/ ENSEKIRITE : SENK (5) MOUN MOURI AK SENKANT TWA (53) BLESE NAN VENTEYEN (21) AKSIDAN SIKILASYON

Òganizasyon  » Stop Accident » nan yon bilten yo mete deyò jounen lendi venn uit (28) jen 2021 an, bilan kantite aksidan sikilasyon ki anrejistre pandan semèn pase a.

Senk (5) moun mouri ak senkant twa (53) lòt blese nan venteyen (21) aksidan sikilasyon ki anrejistre sòti venteyen (21) jen pou rive ayè dimanch venn sèt (27) jen 2021 an, sa ki bay yon total senkant uit (58) moun ki viktim.

Toujou daprè bilten an, seri aksidan sikilasyon sa yo anrejistre nan komin Kenskòf, Kòniyon, Jivena, Savann dezole, Mòn Kabrit, Dèlma 95, 32, Sen Mak ak nan komin Ench, elatriye.

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …