AYITI/ ENSEKIRITE : SOLIDARITE NIPWAZ DWA MOUN ( SONIDH) DENONSE ENSEKIRITE KI GEN NAN PEYI A.

Òganizasyon solidarite Nipwaz Dwa moun (SONIDH), leve vwa yo pou kondane zak ensekirite kap taye banda nan peyi a depi byen lontan.

Nan kad yon pwen pou laprès jounen madi sis (6) jiyè 2021 an, kòdonatè ( SONIDH) lan Marck Arthyr Bienvenue, ki deplore zak asasinay ki fèt sou enfimyè Virgile Lorna Rose Fils-Aimé nan Matisan venn twa (23) lendi senk (5) jiyè 2021 an, ak fiziyad ki fèt nan Dèlma 32 ak Kriswa nan lannwit trant (30) jen pou louvri premye jiyè a pami yo jounalis repòtè vizyon 2000 , Diego Charles ak militant politik Marie Antoinnette Duclair.

Kòdonatè (SONIDH) lan, Marck- Artur Bienvenue, ki mande ak otorite yo nan Leta pou pran responsabilite yo fas ak fenomèn gang ame ki anpeche manm popilasyon an ale nan okipasyon .

Dieuva Occidor

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …