AYITI/ENSEKIRITE: YON DEPITE MANKE KITE PO LI AK TOUT CHOFÈ LI.

Depite komin la Pestèl Ronald Etienne ak chofè li manke kite po yo anba katouch bandi nan lannwit dimanch 18 out 2019 la nan zòn bisantnè pandan li ta pral lakay li.

Depite a ki blese ak yon bal nan tèt pa twò grav men chofè li a nan yon move eta, li pran plizyè bal selon premye eleman enfòmasyon yo. Depite ap pran swen ak chofè li a nan yon lopital nan kapital la.

Sityasyon sa rive pandan depite ta pral lakay li e nèg ak zam yo atake machine nan ak katouch nan fè jan pou yo ale chofè a pran plizyè bal, yon bal flote bò tèt depite a epi yon sekirite depite a ta blese nan fè mannèv.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …