AYITI/ENSEKIRITE: YON DOKTÈ TONBE ANBA BAL KIDNAPÈ EPI MENM KIDNAPÈ SA YO ALE AK MADANM EPI PITIT DOKTÈ A.

Ernst Pady ki se yon pedyat, li gen yon klinik nan aveni kristòf la, tonbe anba bal nèg ak zam bò klinik li a pandan yo tap fòse l moute yon machin pou yo te kidnape li dimanch 28 Fevriye 2021 an. Viktim nan ki te avèk madanm li pa te vle moute machin kidnapè yo. Sa ki te lakoz yo asasinen li epi yo ale ak madanm nan.

Doktè a fèk sot leve anba maladi. Li se yon moun ki andikape. Pitit gason doktè a pa ka kenbe dlo nan je l lè l aprann nèg ak zam touye papa l.

Sa k ap pase nan peyi a bay gwo laperèz. Popilasyon an lage pou kò li, yo pa konnen ki sen pou yo rele. Jeneralman, se malere ak moun klas mwayèn yo kidnape, yo touye. Poukisa se yo?

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …