AYITI/ENSEKIRITE: YON GWOUP MOUN PRAN AN OTAJ DEPI PLIS PASE SENK (5) JOU NAN KOMIN KWADÈBOUKÈ.

Apre rantre ak soti nan Gran Sid peyi a, nèg ak gwo zam fann fwa pran an otaj. Depi plis ke senk (5) jou yon pil moun bloke nan komin Kwadèboukè apre gwoup bandi ki pote non 400 mawozo bloke zòn sa ki se yon wout ki bay aksè ak plizyè komin nan peyi a.

Moun Gantye, Fonparizyen, Fonverèt, Tyòt poun site komin ak zòn sa yo mande otorite yo pou pote yo sekou nan sityasyon difisil ke yo twouve yo depi plis pase senk (5) jou, bal ap tire wout la koupe, anwo pa moute anba pa desann, madan sara yo pèdi tout sa yo te pote pou vann nan mache Kwadèboukè, anpil nan moun sa yo ap dòmi nan machin nan lari nan komin Gantye.

« Moun ki nan zòn, Bonèt, Micho, Latranblè, Dagou pa ka ouvri pòt kay yo tèlman katouch ap tire, moun ki deyò pa ka antre, moun ki anndan kay pa ka soti » deklarasyon yon moun kap viv nan komin Kwadèboukè.

Pilwen, bandi sa yo ki anpeche moun yo sikile boule plizyè machin ak moto moun kap chache lavi selon sa yon chofè ke bandi yo boule machin li ki fè trajè Fonparizyen/Malpas jedi ki te 3 fevriye 2022 a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …