Jounalis radyo Panic FM epi korespondan radyo Mega Néhémie Joseph tonbe anba bal aswè jedi 10 oktòb 2019 la nan vil Mibalè.
Selon premye enfòmasyon yo Jounalis la ta mouri blòk 8tè yo pa twò lwen Parc Bayas apre nèg ak zam ta fin pati avèk li, moun nan zòn nan ta pral tonbe sou kadav jounalis la nan kòf machin li ap benyen nan san li.
Yon enfòmasyon ki pat pran twòp tan pou sikile sou rezo sosyo yo kote gen enfòmasyon ki ta fè kwè jounalis la tap sibi anpil menas e menm li menm li te denonse sa nan yon twit e sou plizyè fowòm what’s app.