Ensekirite a kontinye ap simen dèy nan mitan popilasyon an. Enjenyè Ferry Cavé, prezidan fim konstriksyon Cavé sity konstriksyon s.a, mouri anba bal nèg ak zam madi 23 mas 2021 an nan ri « des miracles ».
Daprè enfòmasyon yo, enjenyè a, se kouzen chantè Alan Cavé, li mouri pandan li sot fè yon tranzaksyon labank. Nap raple Fim konstriksyon enjenyè Ferry Cavé a, se li menm ki te genyen nan apèldòf Leta te fè a pou te konstui kay pou polisye yo.
Ferry Cavé ki se tou yon antreprenè, kite madanm ak pitit li nan peyi Kanada pou li te rantre Ayiti vin envesti nan fim konstriksyon an ke lap dirije.
Pandan dirijan yo ap jere koze eleksyon ak referandòm, ensekirite a li menm kontinye ap mete dlo nan je popilasyon an chak jou ki pase.
Jackson junior Rinvil