AYITI/ENSEKIRITE: YON POLISYE PÈDI LAVI LI ANBA MEN YON GWOUP NÈG MOTO

Yon gwoup nèg moto touye polisye UDMO Champagne Sergely nan zòn Taba 27, jounen jedi 28 oktòb 2021 an.

Polisye a pèdi lavi li apre yon bouch louvri ki te genyen ant li menm ak yon chofè moto nan zòn kafou marasa. Pandan diskisyon an, polisye a ta tire chofè moto a nan pye. Aksyon sa leve plim sou do lòt chofé moto ki te nan alantou a kote yo pati dèyè polisye a yo touye l Taba 27, daprè yon temwen ki te sou plas

Direksyon Jeneral Lapolis Nasyonal Dayiti poko reyaji swit ak lanmò polisye UDMO Charlemagne Sergely nan Taba 27.

 

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …