AYITI/ENSEKIRITE: YON POLISYE TONBE ANBA BAL BANDI PANDAN LAP FÈ TRAVAY LI.

Richardson André-Vigne se non polisye ki tonbe madi 19 novanm 2019 la nan lokalite Chalon ki chita kò li nan depatman Nip peyi Dayiti.

Polisye a ta pral jwenn lanmò li pandan nèg ak zam tap taye banda dèyè barikad yo, yo tap anpeche sikilasyon an fonksyone kote yo tap boule kawotchou nan divès kwen e voye wòch ak boutèy sou moun ki tap eseye travèse selon enfo yo.

Yon patwouy lapolis te rive e tap tante mete lòd nan dezòd te oblije voye gaz lakrimojèn yon fason pou te gen kontwòl espas la pou pèmèt lapè etabli, bandi san fwa ni lwa yo ouvri katouch sou polisye yo e Richardson André-Vigne ta pral pran plizyè katouch e pèdi lavil.

Nap raple mouvman sa ki lakoz polisye a pèdi lavi li a antre nan kad mouvman opozisyon an ap fè pou fòse prezidan repiblik la Jovenel Moïse pou kite pouvwa a.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Toronto accueille “12e étage” : un théâtre créole en pleine ascension

Toronto, 18 juin 2025 – C’est une œuvre à la fois intime et universelle que …