AYITI ENSEKIRITE: YON POLISYE TONBE ANKÒ ANBA BAL BANDI.

Yon polisye tonbe anba bal ayè nan lannwit mèkredi 12 desanm 2018 la nan zòn Santo komin Kwadèboukè.

Selon enfo nou rive jwenn polisye sa fè pati de 21èm promosyon PNH la li rele Wadson Pierre li tap travay nan direksyon santral lapolis woutyè.

Wadson Pierre ta pral jwenn lanmò li nan yon kwafè pandan li tap fè chevel e bandi yo antre yo tire li epi yo ale san pwoblèm, selon yon temwen ki te sou plas ki pat vle non li site fè konnen bandi yo te sible polisye a direkteman.

Apwopo Emmnanuel Hubert

Ou ka gade tou

Ayiti/Jistis: Martine Moïse frape pòt prezidan ameriken an Donald Trump ak plizyè gwo chabrak nan gouvènman li an.

Ansyen premyè dàm repiblik Dayiti a, Martine Moise frape pòt prezidan ameriken an, Donald Trump …